Accéder au contenu principal

Articles

Affichage des articles du juillet, 2022

Poukisa lang pa yon senp zouti kominikasyon ?

  Pa Jean Guilbert BELUS, Lengwis Youn nan fòmilasyon definisyonèl moun toujou renmen itilize pou mete nosyon « lang » lan anndan l se : « lang se yon zouti kominikasyon ». Èske se yon verite oubyen yon ilizyon ? Èske lang se yon senp zouti kominikasyon li ye ? Se kesyon sa yo nou pral eseye reponn nan demach agimantatif nou pwopoze tèt nou pou nou adopte nan kad analiz nou an. Analiz m fè sou pèfòmans lenguistik jounalis vedèt jounal premye okazyon karayib FM nan, nou vle pale de Bob C, sisite anpil reyaksyon ak kòmantè sou rezo sosyal yo, an patikilye Fesbouk, nou konnen depi kèk tan ki konsantre yon bon pati nan lopinyon piblik la. Dayè, Fesbouk se youn nan rezo sosyal ki merite pran twofe nan konstui lopinyon piblik, anpil fwa pou andòmi entelijans nou, anpeche nou reflechi. Men youn nan kòmantè ki plis enterese nou se kòmantè ki vle fè n kwè « nou pa dwe pran plezi ap rizibye yon konpatriyòt nou ki fè fot nan yon lang (lang franse) okenn ayisyen pa maton ladann. Lang se yon senp z