Pa Jean Guilbert BELUS, Lengwis
Youn nan fòmilasyon definisyonèl moun toujou renmen itilize pou mete nosyon « lang » lan anndan l se : « lang se yon zouti kominikasyon ». Èske se yon verite oubyen yon ilizyon ? Èske lang se yon senp zouti kominikasyon li ye ? Se kesyon sa yo nou pral eseye reponn nan demach agimantatif nou pwopoze tèt nou pou nou adopte nan kad analiz nou an.
Analiz m fè sou pèfòmans lenguistik jounalis vedèt jounal premye okazyon karayib FM nan, nou vle pale de Bob C, sisite anpil reyaksyon ak kòmantè sou rezo sosyal yo, an patikilye Fesbouk, nou konnen depi kèk tan ki konsantre yon bon pati nan lopinyon piblik la. Dayè, Fesbouk se youn nan rezo sosyal ki merite pran twofe nan konstui lopinyon piblik, anpil fwa pou andòmi entelijans nou, anpeche nou reflechi. Men youn nan kòmantè ki plis enterese nou se kòmantè ki vle fè n kwè « nou pa dwe pran plezi ap rizibye yon konpatriyòt nou ki fè fot nan yon lang (lang franse) okenn ayisyen pa maton ladann. Lang se yon senp zouti kominikasyon li ye » (se nou ki rezime kòmantè a konsa). Yon kòmantè konsa pa enbesil ditou, sa n di !? Ri !!! Men lè n ap eseye wè pi lwen ke sa je nou ban nou, nou rive konprann kòmantè sa souzantann kèk lide ki pa fin katolik.
Si premye pati kòmantè a sanble bab pou bab ak verite, dènye pati a merite nou analize l pou n wè sa k kache dèyè yon afimasyon konsa. Se vre, lang se zouti nou itilize pou nou kominike, di sa k nan panse nou. Espesyalis retorik yo, depi nan lantikite, te wè/konprann lang konsa. Lenguis yo tou pa fin depaman ak lide sa. Parekzanp, pou André Martinet, fonksyon esansyèl lang nan se kominike. Si w gen yon entansyon kominikasyon (kèlkeswa entansyon kominikasyon an), ou bezwen lang nan pou w kominike entansyon sa a, menmsi gen lòt mwayen pou w kominike l (gras a paralangaj yo). Men lang nan se petèt mwayen ki pi entèlijan pou w objektive, medyatize tout pwojè lapawòl, kèlkeswa vize kominikatif ou ta genyen. Men èske sa ta vle di lang se yon senp zouti kominikasyon ? Epitou, èske lang se sèl fonksyon kominike li genyen, sa vle di èske se pou kominike senpman nou itilize lang ?
Lè n ap konsidere, sou plan koyitif, tout travay nou fè pou rive kominike, antanke moun ki pale lang, lang pa ka yon senp zouti kominikasyon. Lasyans koyitif demontre li, sa nou rele kominike a se aksyon yon sèvo sou yon lòt sèvo pa mwayen lang nan (pliske pwosesis kominikasyon an toujou enplike pou pi piti 2 patisipan : yon emetè ak yon reseptè). Soti depi nan kodaj la (ankodaj) pou rive nan dekodaj la, tout pwosesis kominikasyon an se nan sèvo a (sikui koyitif la) li chita, li deplwaye. Sèl sa ki reyalize an deyò sikui koyitif la se fonasyon an, sa vle di pwodiksyon lenguistik la (mesaj la) pa mwayen ògán fonatè yo. Men imedyatman emetè a pwodui mesaj la, reseptè a kapte l e l voye l nan sèvo a pa mwayen kondui oditif la e mesaj la retounen nan sikui koyitif la pou travay dekodaj la. Pou rezon sa a, lang pa fouti yon senp zouti kominikasyon. Kominike se dabò yon operasyon mantal, sa vle di ki benyen nan abstraksyon. Brèf, kominike se yon ekzèsis konplèks wo nivo.
Yon lòtbò, sou plan lenguistik, pou moun ki pale lang rive kominike nou konbine 2 aks : aks paragdigmatik ak aks sentagmatik. Se lenguis Roman Jakobson, apre Ferdinand De Saussure, ki pral fè n konprann kouman 2 aks sa yo enpòtan pou/nan pwosesis kominikasyon an. Sou aks paragmatik la, nou seleksyone mo yo an fonksyon de sa n vle di a, de entansyon kominikasyon nou a, e nou konbine yo (pou n fòme fraz ak yo) sou aks sentagmatik la. N ap presize ke aks sentagmatik koresponn ak estrikti oubyen pwopriyete/règ gramatikal lang yo. Chak lang gen pwòp estrikti gramtikal li, ou pa ka chwazi konbine mo yo nenpòt kòman sou aks sentagmatik la. Fò w konbine mo yo an konfòmite ak estrikti gramatikal lang w ap pale ladann nan. Menm jan an tou, ou pa lib pou w seleksyone mo yo sou aks paradigmatik la. Non sèlman se entansyon kominikasyon an ki gide oubyen kondisyone chwa mo yo, men tou chwa mo yo sou aks paradigmatik la pa ka fèt an dezakò ak chaj semantik yo. Lè n konnen chaj semantik mo yo depann an pati (pou n pa di totalman) de nòm sosyal ak nòm kiltirèl yo. Mo yo se tankou yon resipyan vid, se sosyete a nan jan l itilize yo ki ba yo kontni, sans. Yon sans, fò n di tou, ki ka vin tabli nan kominote lenguistik la pou l tounen denotasyon. E sou li lòt sans k ap vin grefe, ke nou pral rele konotasyon. Kidonk, an fonksyon de nòm sosyal ak nòm kiltirèl yo ki gen gwo ensidans sou chaj semantik mo yo, tèl mo gendwa apwopriye nan yon kontèks enonsiyasyon/kominikasyon epi yon lòt pa apwopriye. Se sa k fè n blije toujou chwazi, seleksyone mo yo avèk swen lè n ap kominike. Se yon lòt prèv yon zouti kominikasyon konsa pa ka senp.
Pou n ale pi lwen toujou nan agimantasyon nou an, nou ka di, sou plan sosyo-lenguistik, lang nan pa on zouti kominikasyon. Oubyen, pou n pi klè, nou pa ka desann lang nan nivo yon zouti (uyon senp zouti kominikasyon ?). Se lenguis Louis Jean Calvet ki di nou « nou pa ka desann lang nan nivo yon zouti kominikasyon, sa ka riske lese nou kwè gen yon rapò net ant lang nan ak lokitè a », alòske se pa sa ditou. Ki sa yon zouti ye ? Yon zouti, pou m suiv panse Calvet a, se yon enstriman ou rale lè w gen bezwen l apre ou remete l nan plas li, e kèlkeswa santiman ou ta gen sou zouti sa sa p ap chanje anyen nan itilizasyon l. An n pran ekzanp yon kouto, kit nou renmen l kit nou pa renmen l, sa pa chanje anyen nan jan kouto a koupe (vyann ak tout lòt bagay ki ka koupe sou aksyon yon kouto). Men pou lang nan,sa pa pase konsa. Nenpòt santiman ou gen sou lang nan (nou ka panse ak prejije yo ak yon pakèt lòt atitid), sa enfliyanse konpòtman lenguistik la. Pozisyon Calvet a ka ede n konprann pi byen minorasyon lang kreyòl la. Menmsi gen lòt faktè, men atitid (prejije yo) nou gen sou lang kreyòl la, sa vle di fason nou reprezante l nan nan tèt nou an, kontribiye anpil nan kenbe l nan nivo yon lang enferyè, yon lang ki pa fè devlopman, edikasyon ak kontriksyon idantite nan diyite ak respè pou listwa ak lakilti.
Boutofen, si lang se zouti kominikasyon, s on zouti ki pa senp ditou. Kidonk, an n chache dekouvri epi metrize richès ak konpleksite ki gen nan lang, sitou lang ki ba n tout resous nesesè pou n di kiyès nou ye, defini ontoloji nou nan dimansyon egal ak tout lòt lang, pou lè n ap kominike pou nou pa parèt sa m rele yon « lokitè nayif ». Men tou, èske lang, an deyò fonksyon komikikasyon li genyen, se pa yon zouti pouvwa, yon zouti nou itilize pou n domine youn lòt ?
Commentaires
Enregistrer un commentaire