Pwojè sila a, Kreyòlaktivis, se yon mouvman sosyolengwistik ki pran an kont fason yo trete lang kreyòl la nan sosyete ayisyen an, epi pote bonjan sijesyon ak aksyon pou ede moun yo valorize l.
Pwojè sa a se yon pwojè yon gwoup jèn inivèsitè (pifò se etidyan nan syans langaj) mete sou pye. Paske yo konn enpòtans lang manman, paske tout dènye rechèch syantifik ki fèt sou sa a montre kijan lang manman itil nan devlopman entèlektyèl, kilti ak estim pèsonèl, gwoup jèn sila twouve li pa nòmal pou y ap trete lang kreyòl la tankou restavèk nan patri premye pèp nwa ki lib la. Yo kwè ke anseye lekòl ak lang manman fasilite bon jan konprann elèv ak etidyan yo, li penmèt bon jan rezilta rive ponn anndan sistèm edikatif la, e li kreye bon jan koneksyon patriyotik, sa ki ap fè timoun nan santi l fyè pou l prezante tèt li, tout kote l rive, kòm ayisyen. Paske depi tou piti l makonnen ak kilti l. Se pou sa, sou baz atik 5 nan konstition Ayiti 1987 la, yo pran rezolisyon pou yo ede lang kreyòl la jwenn plas li merite a nan sosyete a.
Objektif pwojè a fòmile yon fason ki klè e ki senp nan kat pwen sa yo:
•Premyeman pou fòme popilasyon an sou enpòtans pale lang manman genyen nan avansman yon sosyete ak aprann yo eksprime pi byen nan lang manman yo, soti lekòl rive nan tout lòt enstitisyon ki la pou sosyalize moun ;
• Dezyèmman pou lanse kanpay sansibilizasyon kote n ap wete tout esteryotip moun gen sou lang kreyòl ayisyen an.
• Twazyèmman valorize tout sa k imakonnen ak kilti nou, valorize pwovèb nou yo, kont
nou yo ak ekspresyon kreyòl yo. Nan òganize bon jan konpetisyon k ap ride plis moun konnen ak itilize yo ak tout fyète.
• Ak katriyèmman, pou n fini, voye zye ak ankouraje tout lekòl ki respekte dwa timoun
yo genyen pou aprann ak eksprime nan lang manman yo, pandan n ap ankouraje enstans ki la pou sa yo rive pran gwo sanksyon kont tout enstitisyon an ayiti k ap fè represyon ak diskriminasyon sou yon lokitè natif ki deside itilize lang sila a kòm zouti.
Commentaires
Enregistrer un commentaire