Par Duméus C.Dalton
Edikasyon se pi gwo faktè devlopman nan yon sosyete. Li konsolide fòs moral yon nasyon, reflete idantite l, defini nivo granmoun li. Anplis sa, li soude relasyon konpatriyòt yo youn ak lòt. Lè kalite edikasyon k ap veyikile a pa fè ekilib ak fondman entrensèk sosyete a, lè l pa gen nanm li ladann, nanpwen okenn jan nasyon sa ap kapab pwogrese ni demontre otonomi l. Zouti ak mwayen ki pèmèt edikasyon an sikile a gen menm enpòtans ak edikasyon an ankesyon. Ki vle di fòk gen yon sistèm planifye ki la pou konvèje tout faktè ak eleman edikasyonèl yo, ki la pou reglemante fonksyònman ak asire difizyon efikas mòd edikasyon an sou tout teritwa konsène a. Se sa k bay yon kokennchenn wòl ak LEKÒL.
Pou enstitisyon sa, li menm, enstale epi mache kòrèkteman, dwe gen yon politik eskolè ki planifye, ki pou pran ankont tout valè sosyete a. Men sa k enpòtan toujou se toudabò defini yon politik lengwistik ki dwe respekte koutkekout tout dwa lengwistik kominote a. Sa vle di edikasyon an dwe fèt nan pwòp lang teritwa a. Genyen tou kondisyon nan nivo estrikti ki pou mete anplas, desizyon pou Leta nasyon an pran, responsiblite li dwe asime ak devwa pou l ranpli.
Nesesite pou konprann epi rezoud pwoblematik lang lan nan sistèm eskolè a
Manman Lwa peyi a presize nan atik 5 : « Sèl lang ki simante tout Ayisyen nèt ansanm, se Kreyòl la ». Jan nou souvan di l nan koutim nou: Kreyòl pale, kreyòl konprann. Se pa pou yon senp rezon mo « simante » a jwenn plas nan fraz sa. Li montre aklè Konstitisyon 1987 la rekonèt lang Kreyòl la kòm lang ofisyèl epitou kòm sèl lang nasyonal. Poutan li klè kou dlo kòk: pwòp Ayisyen retwogade konpatriyòt li an ki eksprime l nan lang premyè a nan kategori mpun ki pi minimize ak imilye nan òganigram sosyal la. Alòske kreyòl la se lang pwòp tout Ayisyen. Nan menm atik 5 sa, lalwa montre li te deja prevwa solisyon pou pwoblèm kesyon lang nan (diglosi) ta ka koze nan evolisyon sosyete ayisyen an, sitou nan entegrasyon sosyal la (nan yon sans senp) e menm entegrasyon nasyonal la (nan yon sans pi laj). Kounya rete nou menm, sitwayen, ki pou aplike.
Pwoblèm idantite lengwistik la ap ravaje Letanasyon an depi nan fondasyon l. Edikasyon se sèl mwayen ki kapab fè yon nasyon vin gran. Li pi byen sikile lè l simaye nan lang ki simante pèp oswa nasyon sila a paske anplis yon zouti kominikasyon natirèl, lang lan se yon mwayen pou ranfòse koyezyon kiltirèl ant moun ki fè pati menm kominote. Sa egzije pou edikasyon yon pèp kòmanse depi ala baz, ki vle di depi nan sistèm lekòl ki enstore nan espas teritoryal la. Pakont, ann Ayiti, dwa lengwistik kolektif la san valè nan lekòl. Oubyentou sistèm lekòl ki enplante a ede nan favorize enterè gwoup lengwistik fransè a sou kreyòl la. Se domaj. Men tout sa se paske Leta pa asime responsablite l, li pa garanti fonksyònman yon lekòl piblik anba kontwòl li. Sa ki fè tou gen yon pakèt kalite lekòl ki devlope sou teritwa a. Sa lakòz nou paka jwi okenn dwa lengwistik nou kòmsadwa (ni dwa lengwistik pèsonèl, ni kolektif).
Lang kreyòl la se sèl mwayen ki ka pèmèt entèkonpreyansyon an degaje pi byen nan mitan nou. Aksepte l antanke lang nasyonal rèyèlman se premye gwo pa n ap ka fè nan kesyon devlopman. Konsa n ap afime ak anpil fyète idantite nou antanke pèp ki granmoun toutbon. Menm sa tou pap ka rive fèt si nou pa pran konsyans, si n pa òganize yon travay kolektif k ap akouche yon mouvman sosyal ki gen nanm pou egzije aplikasyon dwa lengwistik kolektif kreyolofòn nou. Sa vle di pou kreyòl la nan tout nivo ansèyman ayisyen: primè, segondè ak siperyè. Kreyòl ayisyen an dwe sèvi toutbon kòm zouti pou bay ledikasyon, kòm vrè zam pou lite kont analfabetizasyon.
Travay mouvman sosyal la dwe fè limyè sou plizyè pwen nan pwoblematik lengwistik peyi a, pa egzanp fòk gen yon bonjan amenajman lengwistik ki fèt nan Kreyòl la. Ekspè ak espesyalis lang, akademisyen dwe patisipe nan egzèsis sa; liv y ap sèvi nan lekòl yo dwe ekri nan lang Kreyòl tou. Leta bòkote pa l dwe pote akonpayman l nan travay sa, jan manman Lwa peyi a mande. Fòk nou klè. Lang nou an dwe vini lang ofisyèl peyi a toutbon. Se sèlman nan kondisyon sa n ap rive redui oswa fini ak gwo defisi kominikasyon ak idantite ki alimante konfli ant elit kiltirèl ak rès popilasyon an.
Redefini yon veritab politik eskolè k ap rebay Leta monopòl lejitim li
Menm jan li nesesè pou deplwaye yon politik lengwistik, se konsa tou pratike yon politik eskolè gen yon enpòtans kapital nan edikasyon nasyonal la. Egzijans Leta genyen se redefini politik edikatif la epi garanti fonksyònman yon Lekòl Piblik enstale sou tout teritwa a anba kontwòl li. Se pa sèlman konstitisyon k ap sèvi a ki mande sa, men se prèske tout sa k te la avan yo. Tankou konstitisyon 1805 la, nan atik 19; sa 1816 la, nan atik 36; sa 1807 la, nan atik 34 ak 35. Inifòmite Leta a dwe enstore nan nivo lekòl ap kapab pèmèt tout moun jwenn menm nivo ansèyman , epi l ap yon mwayen pou rive simaye edikasyon nan zòn andeyò yo jan sa pat janm rive fèt vre.
Mete estrikti pou enstale yon Lekòl ayisyen sou teritwa a se youn, reyini kondisyon endispansab yo se de (2). Men kanmenm, konstitisyon peyi an bay liy pou obsève nan lide pou antrepriz nasyonal sa reyisi. Se pa sèl li tou non ki te pale sou sa. Konstitisyon 1867 la te egzije lekòl primè gratis pou tout sitwayen. Sa 1874 la, li menm, te deklare pou enstriksyon primè fèt gratis nan peyi a ak obligatwa pou tout timoun. Malgre sa, tout timoun pa janm gen posiblite frekante lekòl vre: premyèman, yo pa jwenn lekòl pou yo ale, dezyèmman divizyon ant lekòl lavil ak lekòl nan mòn pa sispann monte tansyon an. Benefisye edikasyon se yon dwa, menm jan ak lasante, lamanjay, elatriye. Jwi dwa sa yo pral pèmèt sitwayen gen motivasyon, konpetans ak santi egzijans pou entegre lavi nasyonal la, epi patisipe nan devlopman peyi l. Nan zafè lamanjay la menm, Leta dwe mete mwayen pou yo jwenn pou pi piti yon gwo pla cho chak jou pou egzije prezans timoun yo lekòl ak pou pote soulajman. Li klè moun paka aprann nan grangou. Sèvo lòm pap kontinye fonksyone menm jan an si trip yo ap kòde.
Youn nan lòt pwen ki enpòtan ankò, se otonomi Leta dwe manifeste pou ranpli dewa l anvè popilasyon an. Nan yon kominote, pouvwa desizyon ak gouvènans pa ka soti nan plizyè direksyon. De (2) kòk pa abite menm lakou. Pou enstale yon lekòl nasyonal, sa pral mande pou Leta mezire objektif nasyonal la lè l pran ankont konkòda li te siyen ak Legliz nan lane 1860 pou l te remèt Leta Vatikan edikasyon pitit pèp ginen Lafrik yo. Kòm konsekans, olye nou inifye sou plan sosyal, se divizyon ak diskrimininasyon ki devlope nan sosyete nou an; olye nou devlope sou baz lakilti, se deperi n ap deperi, akiltirasyon ak alyenasyon mantal ap vale teren. Sa k rele idantite kiltirèl la, nou prèske pa genyen l. Se kèk grenn moun k ap sove lawonte.
Tandans lan rapòte yon pretansyon siperyorite kote moun ki resevwa ansèyman lekòl kongreganis yo drese yo anfas sa ki frekante lise oswa nenpòt lòt lekòl sou teritwa a. Yo konsidere tèt yo kòm Elit entèlektyèl. Ki entèlektyèl posib? Entèlektyèl nan lang fransè. Ayisyen an denatire totalman. Zafè bonjan ledikasyon rete yon liks, minimòm nan aksesib pou yon kategori moun. Leta aksepte li enkonpetan, li lage responsablite l nan men lòt Leta ki pa gen okenn enterè nan devlopman lakay. Kòm konsekans toujou se ideoloji ak doktrin relijye ki enpoze men se pa Enstriksyon ki fèt toutbon. Kidonk Leta twouve l nan obligasyon pou l repran monopòl lejitim li nan domèn sa pou sispann tout deriv sa yo.
Pou nou konkli, etabli yon sèl lekòl pou tout timoun se pi bon fason n ap rive kwape oswa mete yon pwen final toutbon nan diferan ak diskriminasyon ridikil ki genyen nan sosyete a, sitou ant yon seri lekol selon kategori elèv ki frekante yo oubyen selon zòn kote yo abite. Nan yon demach solidarite pou edikasyon, sa ap pèmèt tout timoun nan peyi a sèvi ak menm liv, ki ekri nan lang pwòp pa yo a, epi resevwa menm kalite enstriksyon an. Depi tout kondisyon sa yo reyini e yo mete tout prensip yo sou pye, Leta ap kapab gen kontwòl sou kalite ansèyman k ap dispanse sou teritwa a epi limite posiblite pou yon seri andikap kiltirèl ak lengwistik ankò pran pye pi devan nan sistèm eskolè nasyonal la.
Commentaires
Enregistrer un commentaire