Accéder au contenu principal

TIMOUN 2000 yo : Ant diskriminasyon ak iresponsablite


Par Nephthalie COLAS


"Timoun 2000 yo", s on eslogan kap fè aktyalite depi kèk tan. Daprè sa anpil moun di, yo reprezante pèvèsyon nan tout sans sa ka pran. Ta sanble nan menm lojik sa, yap mache pran nèg ki deja angaje, yo pa konn fè anyen ki gen rapò ak travay nan kay, yo fimen ak bwè alkòl anpil, yo renmen banbòch e yo pa danse kole ak anyen ki wè ak edikasyon. 


Gen moun ki pran eslogan sa jis pou blag e konsa tou gen lòt ki itilize l kouwè pi gwo pretèks yo te ka jwenn pou lonje dwèt sou "timoun 2000" yo a chak fwa yo vle repwoche yo yon bagay. Se nan sans sa, ou ka tande kèk pwopo tankou: "Ou panse sa etone m? Bon se timoun 2000 ou ye" oubyen "Timoun 2000 sa yo !" lè yap eksprime endiyasyon yo. Li vin tounen jouman tou, pa sezi si w tande yon moun di w "apa w ap aji tankou yon timoun 2000". Nou klè sou sa, objektif yon eslogan, se veyikile yon mesaj. Mesaj la ka pozitif oubyen negatif, sa ki fè nou konprann yon eslogan pa inosan. Nan ka sa, eske nou konn pran tan reflechi ak souzantandi ki gen dèyè eslogan "timoun 2000 lan"?



San anpil nan nou pa rann kont, eslogan sa alimante konfli nan mitan de (2) jenerasyon. Chak gwoup gen yon bagay yo kritike lòt la toutpandan yo toulède preske bliye responsablite yo genyen nan sosyete a. An reyalite, chak jenerasyon gen fay yo men devwa yo, se batay pou enfliyanse nan nivo yo kapab e nan tout sans pozitif sa kap vin dèyè yo. Nou dwe konprann anpasan, dezoryantasyon pa fèt bridsoukou. Jenerasyon 2000 lan pap janm sifi pou kò l pou kondi nou kote nou ye a.


Pakont, se yon eslogan seksis mete sou li mizojin, yo fè veyikile pou fawouche, diskriminen e ankouraje mesye yo rayi fanm. Se pa premye fwa eslogan sa yo pran lari. Nou ka pran egzanp "fè wana mache" ki gen yon ti tan depi l tap fè wout li. Eslogan sa yo kreye plis dezòd nan yon sosyete ki deja konstwi sou inegalite e ki pa respekte fanm. Repete yo, se ankouraje vyolans sou tout fòm e se bay fòs ak plis fyète ak sila ki pran plezi nan nòmalize yo. 


Youn nan move enpak eslogan timoun 2000 lan genyen; se fè jèn yo santi yo alèz nan lide yo dwe asosye yo a kontèks mesaj la. Nou pap nye fanmi, legliz, lekòl pa sèlman enstitisyon ki edike moun nan yon sosyete. Mizik nap tande, fim nap gade, eslogan yo gen gwo enpak sou sa nap ye, fason nap panse e aksyon nap poze. Eslogan "timoun 2000 yo" ankouraje konpòtman nou pretann n ap goumen kont yo a, sa ki bay plis rezon pou jistifye tout sa yo atribiye a jenerasyon sa. 


Fè jèn yo pran konsyans de anomali sa, se evite timoun kap vin aprè yo viktim de jenerasyon 2000 lan menmjan "timoun 2000 yo" viktim de jenerasyon anvan an ki viktim de sak te la anvan l lan. Si se pa sa, yo pap gen okenn dwa jwe wòl moralizatè jan grandèt yo ap fè kounya pou jèn yo bay pote chay depravasyon sosyete nou an. Pakont, li enpòtan tou pou nou gade pwoblèm nan, nan tout aspè l pou n pa parèt ipokrit. Poukisa n ap atann lòt rezilta nan men timoun 2000 yo lè se pwogram DJ nou plis ofri yo olye nou mete plis bibliyotèk, salon literè ak espas kiltirèl kote y ap ka fè konesans ak liv oubyen dekouvri pèsonalite nan mond lan kap gen bon jan enfliyans sou yo? 


Eske nou pa panse li enjis pou n ap pale jenerasyon 2000 lan mal pandanstan nou vann yo plis moun kap di betiz olye jèn kap fè gwo jefò nan sektè literè, kiltirèl, atistik ak ekonomik peyi a? 


Kòman nou fè ap kritike timoun 2000 yo lè disko, sigarèt, dwòg, alkòl plis anba men yo pase tout lòt divètisman ki sen e kap pouse yo devlope nivo kreyativite yo?


Tout kriz enstitisyonèl sa yo lakoz deriv jèn yo, men tou, chèche konprann veritab orijin pwoblèm nan, se avwe toutpandan yon jenerasyon pèdi fren, grandèt yo te kite anpil tou vid ak fay ki vin bay jarèt a lo kalamite kap maspinen fonksyònman sosyete nou an jounen jodia. Diskou a ap parèt absid si l di jenerasyon anvan yo totalman echwe paske granmoun yo transmèt jèn yo anpil valè, men nou pa gen pou n kache yo pat totalman responsab. Se pa prezante aspè pozitif yo sèlman kap fè nou parèt gran. 


"Timoun 2000" pa dwe sèlman yon kalifikatif pou denigre tifi ak fanm, yo di l pou ti mesye yo tou men fòk nou rekonèt yo pa twò mize sou li. Pakont, kit yo plis vize ti medam yo e di l mwens pou ti mesye yo, ansanm nou ka ranvèse tandans lan. Nan timoun 2000 yo, gen jèn ki chante, danse, desinen, ekri, jwe foutbòl, genyen ki se dizè, antreprenè elatriye. Yo pa toujou sa nou sèlman vle kwè yo. 


Sou entènèt la,  ann itilize achtag #timoun 2000 lan, nan lide pou bay yon sans pozitif a eslogan sa. Nan lavi pratik la, kanta pou jèn nan jenerasyon 2000 lan ki pèdi chimen yo oubyen ki pat janm jwenn youn ki kòrèk, grandèt yo gen devwa ede yo. Wi, se travay pi gran yo pou ede pi piti yo travèse yon kriz jenerasyonèl. Olye n kritike, li tap pi entèresan si nou ta fè jefò pote yon solisyon. Enplikasyon nou pi valab nan plas distans ak pasivite nou nan koze a. 


Mete sou sa, gen travay sosyolojik ak sikolojik ki ta dwe fèt pou rann fenomèn lan pi klè epi fè pwopozisyon ak enstitisyon konpetan yo pou redrese bato an.


Pou m fini, li enpòtan pou nou klè sou detay sa yo:


-Tout jenerasyon viv kriz pa yo e gen fay yo.


-Nou pa dwe tann rekòt lè nou pat simen okenn grenn.


Kounya, kisa nou deside? N ap kontinye kritike timoun 2000 yo oubyen n ap reflechi a dispozisyon nou ka pran ansanm pou amelyore sosyete a?

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Dialogue de culottes_Les dentelles

  Toujours autant passionné de culottes, Hash se demande pourquoi les femmes ont tous ces modèles de culottes les unes très différentes des autres. Habité à côté d'une littéraire, cousine de son ex, Hash sera enseigné par elle... Tout cela entre ses seuls témoins :  des bougies. Ils se lancent alors dans un jeu sexuel où chacun essaie de remporter la partie dans les règles de l'art Pour lire la première partie, cliquez ici . Première leçon… 04 Août 2021 21 heures 30   À cette première leçon, ma chambre est à la 50 nuances de Grey, sauf qu’il n’y ait pas de fouets et tous les instruments de sadomasochisme. Le tapis qui couvre le sol est d’un rouge vif, la chambre est sombre, éclairée juste par des bougies de toutes les dimensions et de toutes les odeurs. Sur mon bureau est posé les trois tomes des 50 nuances de El James, et deux Marquis de Sade :   Les cent vingt jours de Sodome et la philosophie dans le boudoir, une copie de ce que les culottes disent, un bloc de feuilles

Le pouvoir a-t-il un sexe ?

  Ce jour-là je me suis levé à cœur joie. Cela fait longtemps depuis que je n’ai pas vu Déchue, cette magnifique fille, drôlement belle, évidemment ange qui s’appelait en vérité Gaëlle. C’est moi qui m’amusais à l’appeler Déchue. Vous n’avez pas besoin de me demander pourquoi. C’est une longue histoire. La seule chose que je peux vous dire c’est qu’elle est enfin rentrée au pays après son doctorat en physique quantique en Allemagne. Je suis la première personne qu’elle a invité chez elle. Cela ne plaît pas vraiment à ma femme. Mais puisque je suis le chef, elle ne peut que se soumettre face à mes manières d’agir. Donc j’y suis allé. Déchue est une belle femme noire, les cheveux aussi noir que le café, des lèvres violettes, charnues et apparemment délicieuses, le visage parfaitement proportionné, son estomac porte deux petites poires faites sur mesure, le ventre plat et des fesses modestes. Le tout fait d’elle une femme qui pourrait, à sa guise, se porter candidate au siège de Erzul

Dialogue de culotte_Les cuirs

  "Toujours autant passionné de culottes, Hash se demande pourquoi les femmes ont tous ces modèles de culottes les unes très différentes des autres. Habité à côté d'une littéraire, cousine de son ex, Hash sera enseigné par elle... Tout cela entre ses seuls témoins :  des bougies. Ils se lancent alors dans un jeu sexuel où chacun essaie de remporter la partie dans les règles de l'art" Afin de lire la partie pprécédente, cliquez ici Les douze coups de minuit sonnent en même temps que la sonnette de chez moi. Ma chère voisine se tient devant ma porte avec une jolie robe en soie, les cheveux en afro et à ses oreilles pendent de jolies créoles des Antilles. Sans avoir attendu que je l’invite, elle pénètre dans le salon puis se retourne, me regarde en mordillant ses lèvres. Miaulant d’une manière très bizarre, elle saute à mon coup et m’embrasse avec une telle violence mélangée à une telle passion que dans l’instant, je me suis senti partagé entre deux mondes. En fin de com